Annexe:Liste de proverbes haïtiens

Définition, traduction, prononciation, anagramme et synonyme sur le dictionnaire libre Wiktionnaire.

Liste de proverbes haïtiens (et leurs équivalents en français)

Lawoze fè banda tout otan solèy poko leve

Toute chose arrive au bon moment.

Ak pasyans w a wè trip foumi.
Tout vient à point à qui sait attendre.
Byen pa janm pèdi.
Un bienfait n’est jamais gagne
De mòn pa janm rankontre, men de moun konn rankontre.
Il n’y a que les montagnes qui ne se rencontrent jamais.
Depi de je poko fèmen, espwa pa pèdi.
Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
Ede tèt ou, Bondye a ede w.
Aide-toi et le ciel t’aidera.
Fè sa m di, pa fè sa m fè.
Fais ce que je dis, ne fais pas ce que je fais.
Jan chat mache se pa konsa l kenbe rat.
L’habit ne fait pas le moine.
Kaka je pa linèt.
Tout ce qui brille n’est pas or.
Lè chat pa la, rat fè bal.
Quand le chat n’est pas là, les souris dansent.
Fò w ta wè pou ta kwè.
Il faut le voir pour le croire.
Lè w sot pi wo ou pran pi gwo so.
Plus on tombe de haut, plus dure est la chute.
Mizè pa janm tonbe sou pyebwa.
les riches continuent toujours à s’enrichir. (Un malheur ne vient jamais seul)
Mwen bwè pwa.
Donner sa langue au chat.
Ou tande bèf alewè kòn.
Grands diseurs, petits faiseurs.
Pa fè m sa m pap fè w.
Ne fais aux autres ce que tu ne voudrais pas qu’ils te fassent.
Pa janm di m'a gen tan.
Ne remets jamais à demain ce que tu peux faire aujourd’hui.
Pa janm gen omlèt san kase ze.
On ne fait pas d’omelette sans casser des œufs.
Pise gaye pa kimen
Raje gen zòrèy.
Les murs ont des oreilles.
Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
La raison du plus fort est toujours la meilleure.
Regleman jis pa gate zanmi.
Les bons comptes font les bons amis.
Sa k' pa la pèdi tou pa l.
Les absents ont toujours tort.
Sa pa vo lapèn.
Le jeu n’en vaut pas la chandelle.
Sa w' simen se sa w' rekòlte.
On récolte ce que l’on sème.
Sa l fè l fè.
Advienne que pourra.
Sa k lan vant kabrit se li k pal.
Un "Tiens" vaut mieux que deux "Tu l’auras".
Se papa k fè pitit.
Tel père, tel fils.
Timoun pa konn bay manti.
La vérité sort de la bouche des enfants.
Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt.
Le malheur des uns fait le bonheur des autres.
W a jwenn ak mèt ke w.
On trouve toujours chaussure à son pied.
Yon sèl dwèt pa manje kalalou.
L’union fait la force.
Anvi tout, pèdi tout.
Qui court deux lièvres à la fois ne prend ni l’un ni l’autre.
Bèl dan pa di zanmi pou sa.
Celui qui vous sourit n’est pas toujours un ami.
Lanmou pa konn dèyè pyese.
L’amour est aveugle.
Kaka poul pa ze.
Les apparences sont trompeuses.
Lajan pa gen lodè.
L’argent n’a pas d’odeur.
Lafimen pa leve san dife.
Il n’y a pas de fumée sans feu.
Abitid se vis.
L’habitude est une seconde nature.
Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse l bwè dlo.
On ne peut faire boire un âne qui n’a pas soif.
Achte chat nan sak.
Acheter chat en poche.
Ti rat pa janm fèt san ke.
Les chiens ne font pas des chats.
Chen ki jape pa mòde.
Chien qui aboie ne mord pas.
Lè ti poul la gen dan.
Quand les poules auront des dents.
Sak vid pa kanpe.
Ventre affamé n’a point d’oreille.
Twò prese pa fè jou louvri.
Trop de précipitation nuit.
Sèl pa janm vante tèt li di jan l sale.
À bon vin point d’enseigne.
Lajan al kay lajan.
On ne prête qu’aux riches.
Yon sel dwèt pa manje kalalou.
L’union fait la force.
Kabrit anpil gadò mouri nan solèy.
Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.
Méfiez-vous des beaux discours.
Flèch palmis pa fizi.
L’apparence est trompeuse.
Depi tèt poko koupe, li gen espwa mete chapo.
Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
Byen mal pa vle di lanmò.
Tant qu’il y a de la vie, il y a de l’espoir.
Chen griyen dan l, men l pa ri pou sa.
Le rire est parfois trompeur.
Ki mele pis ak grangou chen.
Puce s’en fout de la faim du chien.
Gwo vant pa di lajan.
Il faut se méfier de l’apparence.
Men anpil chay pa lou.
L’union fait la force.
Jistis Bondye se kabwèt bèf.
Justice divine s’impose tôt ou tard.
Se rat kay k ap manje pay kay.
Un des nôtres est le coupable.
Bay piti pa chich.
Donner peu ne signifie pas qu’on est pingre.
Lènmi pa janm piti.
Il ne faut jamais sou-estimer un ennemi.
Padon pa geri maleng.
Demander pardon ne répare pas la faute.
Joumou pa donnen kalbas.
Les chiens ne font pas des chats.
Rayi chen, men pa di l fimen tabak.
Il ne faut pas accuser autrui de ce dont il n’est pas capable.
Lajan fè chen danse.
L’argent peut influencer les gens.
Lajan pa fè boul nan pòch malere.
Les poches du pauvre sont toujours vides.
De lajan paka goumen.
Abondance de biens ne nuit pas.
Dlo pa monte mòn.
Il y a des choses impossibles à réaliser.
Chanje mèt, chanje metye.
L’ouvrier travaille au goût du maître.
Degaje pa peche.
Être malin n’est pas un défaut.
De toro pa rete nan menm savann.
e pouvoir ne se partage pas.
De kòk kalite pa rete nan menm baskou.
Le pouvoir ne se partage pas.
Atansyon pa kapon.
La prudence est mère de sûreté.
Rad pa janm fè moun.
L’habit ne fait pas le moine.
Pwason te fè dlo konfyans, men se dlo ki bouyi l.
Nul n’échappe à son destin.
Anvan chen manje zo, li mezire machwè l.
Toute ambition gagne à être mesurée.
Nan bay kout men, ou jwenn kout pye.
À vouloir rendre service, on s’attire des ennuis.
Lagè avèti pa touye kokobe.
Un homme averti en vaut deux.
Bèf douvan bwè dlo klè.
Les premiers arrivés sont les mieux servis.
Ti pil ti pil fè chay.
Petit à petit, l’oiseau fait son nid.
Pale franse pa di lespri.
Savoir parler français ne veut pas dire être intelligent.
Konn li pa di lespri pou sa.
Être lettré ne signifie pas qu’on est intelligent pour autant.
Pwomès se dèt.
Parole donnée est sacrée.
Jodi pou ou, demen pou yon lòt.
À chacun son tour.
Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.
À chacun son jour de chance.
Nan mal, nan mal nèt.
Advienne que pourra.
Bouche nen w pou bwè dlo santi.
Il faut se résigner à tout.
Lasante se pi gwo richès.
Il n’y a pas de richesse préférable à la santé.
Lajan kase wòch.
L’argent peut tout faire.
Se sen kòb ki fè goud.
Il faut être économe.
Bouch manje tout manje, men li pa pale tout pawòl.
Il faut savoir tenir sa langue.
Moun mouri pa pè santi.
Les morts n’ont pas de soucis.
Nan mitan avèg, bòy se wa.
Au royaume des aveugles, les borgnes sont rois.
Kalbas gran bouch pa kenbe dlo.
Les grands diseurs ne sont pas les grands faiseurs.
Sa je pa wè, kè pa tounen.
On ne souffre pas de ce qu’on ignore.
Mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de.
Les bonnes intentions ne suffisent pas.
Mezire avan w koupe.
Il faut réfléchir avant d’agir.
Doktè pa janm trete tèt li.
Médecin, guéris-toi toi-même.
Bourik toujou aji bourik.
L’habitude est une seconde nature.
Mizè fè bourik kouri pase chwal.
Grâce aux difficultés, on se découvre des qualités insoupçonnées.
Apre dans, tanbou lou.
Il y a un temps pour chaque chose.
Avantaj kòk, se nan zepon l li ye.
Il faut savoir utiliser ses atouts.
Zafè kabrit pa zafè mouton.
On ne doit s’occuper que de ce qui nous regarde.
Chak kochon gen samdi pa l.
Nul n’échappe à son destin.
Jaden lwen gonbo di.
Loin des yeux, loin du cœur.
Se bon gou ki mete lang deyò.; L’appétit vient en mangeant.
Jwèt se jwèt, kòchèt pa la dan l.
Il y a des limites à tout.
Aksidan pa gen klaksonn.
Le malheur ne prévient pas avant d’arriver.
Manje tout, pa di tout.
Tout est bon à manger, tout n’est pas bon à dire.)
Rayi chen, di dan l blan.
Il faut donner à César ce qui est à César.
Evite miyò pase mande padon.
Mieux vaut prévenir que guérir.
Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
La raison du plus fort est toujours la meilleure.
Rat manje kann, zandolit mouri inosan.
Les innocents payent pour les coupables.
Se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen.
C’est au pied du mur qu’on voit le maçon.
Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa.
Il ne faut pas se fier aux apparences.
Koulèv ki bezwen grandi se nan twou li rete.
Se mettre de coté pour toujours exister.
Sa ou fè, se li ou wè.
On récolte ce qu’on a semé.
figi mouton tanperaman lyon
un visage moutonnier et une tanperament lionnier